Yon machin ak kawoutchou k ap boule nan mitan yon ri moun pase monte desann toutan

200 000
timoun afekte lakoz 900 lekòl fèmen nan Pòtoprens ak Latibonit

12 milyon
Depi 1ye Mas responsab dlo, ijyèn ak asenisman nan Pòtoprens yo te distribiye 12 milyon lit dlo bay plis pase 71 000 moun ki deplase

100 000
Depi 1ye Mas, PAM nan Pòtoprens te distribiye 886 000 pla cho bay 100 000 moun ki deplase

20 %
Yo deja resevwa 20% fon yo bezwen pou jere Plan Repons Imanitè pou 2024 la

Urgence Haïti n°24, 23 me 2024, nan lang fransè

Nouvèl an Ayiti

 
 
 

@BINUH_UN

Dènye piblikasyon yo sèlman vizib pou itilizatè ki konekte sou platfòm X la.

Sa enposib pou di nan ki nivo aktivite gang yo ap mennen vin ogmante nan pòtoprens e anplis, sitiyasyon dwa moun yo fin deteryore epi kriz imanitè a vin pi grav.

María Isabel Salvador, Reprezantan espesyal Sekretè jeneral la an Ayiti
Deklarasyon li nan Konsèy Sekirite a, 22 avril 2024

Foto María Isabel Salvador

Bezwen imanitè yo ak plan repons la

Bezwen imanitè yo

Deteryorasyon pwoblèm sekirite a, jan tout sèvis debaz yo fin depafini nètalkole, enpak lane sechrès yo ak anpil chok desas natirèl yo pote, fè gen , nan lane 2024 la 5,5 milyon ayisyen k ap viv nan gwo zafè pa bon . Imanitè yo vle rive touche 3,6 milyon moun ki reprezante yon ogmantasyon 12 pou san sou kantite moun to te touche nan lane 2023.

Bezwen finansye yo vin evalye ak 674 milyon dola e sa ap pèmet:

  1. 1. Bay Yon repons miltisektoryèl ki pa ka tann ak 2,2 milyon moun tout kote ki te touche yon fason ou byen yon lòt ak tout sa ensekirite a te charye sou wout li tankou moun ki te oblije pete kouri kite lakay yo ak moun tou epidemi ak katastwòf natirèl te frape.
  2. 2. Sa ap pèmèt tou, mete sou pye yon pakèt aktivite ki ka pèmèt moun yo kanpe tennfas devan tout kalite pwoblèm sa gen ladan l tou tout bagay ki ka fè jwenn bon jan solisyon ki dirab epi ki kapab prepare moun yo pou kèk ijans ki ka vini.

Rive nan date 19 Avril 2024, plan repons la jwenn sèlman 54,4 milyon dola ki reprezante 8,1 pou san nan kantite lajan yo te dwe jwenn nan.

Kouvèti rapò 'Bezwen imanitè yo ak plan repons la' nan lang fransè